close
Aller au contenu

Ted Bundy

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Modèl:Infobox Criminel

Theodore Robert Bundy (ki te rele Cowell), ke yo rele Ted Bundy, te fèt 24 novanm 1946 nan Burlington, Vermont, e li mouri 24 janvye 1989 nan konte Bradford, Florid, se yon asasen an seri Ameriken.

Li te atake epi touye anpil jèn fanm pandan ane 1970 yo, e petèt menm anvan. Anplis kidnapin ak vyòl viktim li yo, li te fè tou aksyon nekrofil sou kadav yo. Nan prizon, apre plis pase dis lane ap refize, e jis avan egzekisyon li, li te admèt li te komèt anviwon trant asasin nan sèt eta Ameriken ant 1974 ak 1978. Kantite egzak viktim li yo poko konnen, men li ka pi wo anpil.

Pou je jèn viktim fanm li yo, Bundy parèt kòm yon nonm bèl aparans ak karismatik. Li mete aksan sou karakteristik li yo pou l jwenn konfyans yo. An jeneral, li pwoche viktim li yo nan espas piblik, fe yon blesi oswa yon andikap, oswa pretann li yon otorite, anvan li entimide yo epi atake yo nan yon kote plis izole. Pafwa, li tounen sou plas krim yo pou fè aksyon seksyèl sou kò ki nan deteryorasyon, jiskaske kadav yo fin pouri oswa bèt sovaj detwi yo. Li te koupe tèt omwen sis viktim li yo epi li te kenbe kèk nan tèt sa yo lakay li kòm souvni. Nan kèk okazyon ra, li te antre nan kay viktim li yo nan mitan lannwit pou touye yo ak baton pandan yo t ap dòmi.

Okòmansman, Ted Bundy te arete nan Utah an 1975 pou akizasyon kidnapin agrave ak tantativ agresyon kriminèl. Li te sispèk nan anpil ka asasinay ki pa te rezoud nan plizyè eta Ozetazini. Li te akize pou meut nan Colorado, kote li te òganize epi reyisi de evazyon spektakulè an 1977. Arete ankò nan Florid an 1978, li te kondane a lanmò twa fwa nan de pwosè diferan pou meut li te fè yo. Finalman, Ted Bundy te egzekite pa elektrisite sou yon chèz elektrik nan prizon eta Florid, 24 janvye 1989.

Biograf Ann Rule dekri li kòm « yon sosyopat sadik ki te pran plezi nan soufrans lòt moun ak nan kontwòl li te genyen sou viktim li yo, jiska lanmò yo, e menm apre sa. » Yon jou, Ted Bundy te deklare li menm kòm « pi gwo sala san kè ou ap janm rankontre. » Avoka Polly Nelson, ki te nan ekip defans li nan kouloar lanmò a, te rekonèt: « [Li] te definisyon menm yon demon san kè... li te enkarnasyon dyab la. »[1]

Nòt ak referans

[modifye | modifye kòd]
  1. Arsany, Emad (1999-05). « The hare and the tortoise ». Psychiatric Bulletin 23 (5): 307–308. ISSN 0955-6036. doi:10.1192/pb.23.5.307-a. Check date values in: |date= (help)
  2. Hagood, Dick (February 10, 1980). "Bundy Jury: Death" Florida Times Union archive Modèl:Lien brisé Retrouvé le 30 août 2011.
Erè nan sitasyon : La balise <ref> nommée « Jugement_jacksonville_10février1980 » définie dans <references> n’est pas utilisée dans le texte précédent.